- Shemiz
- Yon rad gason mete sou yo pou kouvri kò yo soti nan kou yo pou rive nan senti yo. Yon shemiz gen yon kòlèt, de mansh kout ou byen long, yon pòsh (pou pi piti) sou bò gosh la e sou lestomak gason a. Yon shemiz fann sou devan epi li gen bouton pou fèmen li kote li fann nan.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.